Book cover

Pitit Bondye An N’ Chante

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 4


1. Pitit Bondye an n’ chante an n’chante ak yon sèl vwa pou Sovè nou k’ap vini gouvène sou tout tè a. Tout tè a pral netwaye. Lèzòm ap sispann peche. Lèzòm ap viv ak lamou, epi y’ap viv nan lapè.

2. Tout moun ap kontan anpil lè nou wè Sovè nou an k’ap sòti anlè nan syèl avèk kò li glorifye. Tout mechanste ap fini. N’ap chante bèl chan pou li. Tan pou tèt nou ta chaje, kè tout moun ap plen ak jwa.

3. Rad blan nou pap genyen tach, nan verite ak limyè N’ap chante louwanj pou li, n’ap rele ak kè kontan. Tè a ap vin san peche, epi tout moun ki sou li genyen pou viv ak lamou. Tout kè ap vin plen ak jwa.