Book cover

Redanmtè Izrayel

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 5


1. Se nan redanmtè pèp Israyèl la sèl nou kwè. Li ka ban nou tout benediksyon. Se li sèl ki wa nou, gid nou ak liberatè nou. Li se sèl mou ki ka delivre nou.

2. Nou konnen l’ap vin rasanble brebi pa li yo, pou l’ kapab mennen yo nan Siyon. Yo pap gen dlo nan je, Jezi Kris ap bò kote yo. Lamò pap gen pouvwa sou pèsonn moun.

3. Depi lontan n’ap sikonbe anba peche yo. Nou t’ap kriye nan pye ou Papa. Ennmi nou yo pranfòs,lè yo wè nou te nan tristès. Men nou konnen Izrayèl ap sove.

4. Patizan Siyon yo pral gen ton gran rekonpans. Pwomès yo kòmanse akonpli. Pèsonn pa bezwen pè, delivrans nou ape mache, paske wayòm nan se pou nou li ye.

5. Redanmtè mwen an restore zeklè figi ou; Ban nou rekonfò nanm bezwen Ranpli nou esperans pou nou tann bèl wayòm sen an Pou kè nou kapab sispann dezole.

6. Lè ou leve tèt pou gade, tout zanj yo, kontan Anpil moun ap ret tann pawòl ou Lè ou leve vwa ou tout letènite a ranpli Pou voye eko louwanj sovè a.