1. Lè vag nan vi a vle sakaje kò ou Lè dekourajman ta vle mare pye ou, Konte tout benidiksyon Bondye ba ou, Ou tap etone pou wè sa Bondye fè
Konte tout benediksyon ou yo; Gade tout sa Bondye fè pou ou; Konte yo tout pran yonn apre lòt; Konte tout benediksyon Bondye ba ou.
2. Èske tèt ou pa janm chaje ak pwoblèm? Èske kwa sou zèpòl ou pa janm twò lou? Konte tout benidiksyon pou chase dout Sa pral fè ou chante lè jou a pase
Konte tout benediksyon ou yo; Gade tout sa Bondye fè pou ou; Konte yo tout pran yonn apre lòt; Konte tout benediksyon Bondye ba ou.
3. Lè ou wè lòt moun ki gen teren ak lò, Sonje gran richès Bondye te pwomèt ou Konte tout benidiksyon kòb pa ka bay, Rekonpans ou nan syèl la ak plas ou tou.
Konte tout benediksyon ou yo; Gade tout sa Bondye fè pou ou; Konte yo tout pran yonn apre lòt; Konte tout benediksyon Bondye ba ou.
4. Nam mitan gwo konfli ak ti konfli tou, Pa janm dekouraje, Bondye avèk ou; Konte tout benidiksyon ou yo tout tan Alafen zanj Bondye yo pral konfòte w’.