Book cover

Travay La Bel

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 13


1. Travay la bèl Bondye wa nou se lè moun ap louwe non ou, lè y’ap change bèl chan pou ou, pou montre lamou ou nan tout tan.

2. Jou repo a sakre pou mwen, bagay terès pap pran tan mwen, se pou kè mwen chante louwanj ou tankou David k’ap jwe mizik.

3. Kè m’ pral triyonfe nan Bondye, pou beni zèv li, pawòl li. Zèv ou yo plen avèk limyè. Konsèy ou gran epi yo diven.

4. Mwen pral triyonfe pou non ou, nan letènite k’ap vini, lè kè m’ chaje ak jwa pou m’ wè, figi ou ki pral chaje bonè.

5. Peche te gran advèsè mwen, li pa ka toumante m’ankò Ennmi mwen yo prale tonbe. Satan pral sispann toumante m’.

6. Lè sa m’a wè, tande, konnen Tout sa mwen te vle sou tè a Tout pouvwa mwen ap vin itil Nan mond plen jwa etènèl sa.