1. Oumenm Papa Letènèl, ki rete nan syèl la; Nou mande nan non Jezi, pou beni, sanntifye, Pen sa epi diven sa, si kè nou pwòp devan ou. Pou nou tout nèt ka sonje ofrann diven nou an.
2. Lèzòm pa ka janm konprann ofrann sakre sila. Nou pran kò ak san Jezi, pou padone fot nou. Pou nou kapab temwaye, soufrans Pitit ou a, Epi pou Lespri li ka, reyini kè nou tout.
3. Lè Jezi Kris, Sovè nou te desann sòt nan syèl, Pou l’ vin sakrifye tèt li, pou nanm nou ka rachte. Li pat gen gran aparans; pou atire lèzòm Li te Sovè pwomiz la, pou pirifye nanm nou.
4. Ala yon plan etènèl, se plan sentete a! Ki pèfèksyone sali, ki degize Bondye! Pou l’ vin mache sou tè a, kòm yon moun òdinè Ki te deja egzalte, li mouri pou vi nou.