Book cover

Anlè Sou Tèt Mòn Nan

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 30


1. Anlè sou tèt mòn nan genyen yon gwo drapo, yo koke li anlè pou tout nasyon ka wè. An nou leve tèt nou, pounou kapap gade peyi Siyon kote genyen lapè.

2. Bondye pap janm bliye pwomès li te fè yo. Nan mòn peyi Siyon ap gen anpil limyè, k’ap klere tout peyi nenpòt kote yo ye, nan dènye jou bagay sa yo pral fèt.

3. Kay Bondye pral tabli, glwa li pral byen vizib. Moun nan tout lòt peyi yo prale di konsa: an nou tout vwayaje pou n’al sèvi Bondye obeyi verite li aprann nou.

4. Se la n’a pral aprann lwa Bondye pral mete, verite ak jistis pou gouvè ne tè a. Pou tout tan n’ap ansanm, pou nou swiv chemen li pou sove tèt nou ak zansèt nou yo.