Book cover

Kounyeya An Nou Rejwi

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 32


1. Kou nyeya an nou re jwi pou jou sali a, Nou pa pèleren sou tè a pou tout tan. Tout moun nan tout nasyon ap resevwa bon nouvèl ki fè konnen redanmsyon nou an pwòch. Lè tout pwomès Sen yo, fini akonpli nèt, Pèsonn pap ka matirize yo ankò; Lè sa tè a pral vin tankou Jaden Eden, Epi Jezi pral resevwa Izrayèl.

2. Nou pral renmen yonn lòt, pou nou pa separe, Okontrè mal pap egziste pami nou. Lè moun ki mechan yo pral tranble lè sa n’a kanpe pou gade Jezi Kris pral vini. Lè tout pwomès Sen yo, fini akonpli nèt, Pèsonn pap ka matirize yo ankò; Lè sa tè a pral vin tankou Jaden Eden, Epi Jezi pral resevwa Izrayèl.

3. Avèk fwa nou tout ap konte sou Jewova, Ki pral gide nou nan jou difisil yo. Apre tout traka ak tout tès yo fin pase N’ap rete ansanm lè Sovè a vini. Lè sa Sen yo ap jwenn, Tout pwomès ki te fèt. Yo pral kouwone avèk zanj yo nan syèl; Lè sa tè a pral vin tankou Jaden Eden, Pou toujou Kris la ak pèp li pral ansanm.