1. Fè sa ki byen; Jounen an ap pase, Anonse limyè avèk libète. Zanj yo anlè a ap pran nòt sekrètman, Konsènan zèv ou yo; fe sa ki byen!
Fè sa ki byen kèlkeswa konsekans la. Batay pou libète avèk tout fòs; Ak kè kontan prepare ou pou demen. Bondye ap gide ou fè sa ki byen!
2. Fè sa ki byen; Gen fwa, pa pè anyen. Mache annavan, ak yon objektif. Je ki plen dlo yo yon jou gen pou seche. Ou a’ jwenn benediksyon, fè sa ki byen!
Fè sa ki byen kèlkeswa konsekans la. Batay pou libète avèk tout fòs; Ak kè kontan prepare ou pou demen. Bondye ap gide ou fè sa ki byen!