Book cover

Mèsi Bondye Poutèt Pwofèt Ou

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 36


1. Mèsi Bondye poutèt pwofèt ou, Ki gid mou nan dènye jou yo. Mèsi pou levanjil ou voye, Pou klere lespri nou chak jou. Mèsi pou chak benediksyon ki sò ti nan men abondans ou. Nou vle sèvi ou avèk plèzi, Nou renmen obeyi lòd ou.

2. Lè tèt nou chaje avèk pwoblèm, Kan satan vle chavire nou. Genesperans ki fè nou souri, Nou konnen delivrans nou pwòch. Nou pa doute bonte Leseyè. Nou teste li nan jou pase. Mechan k’ap goumen kont Siyon yo, Pral pran kou anba men Bondye.

3. N’ap louwe mizèrikòd Bondye, N’ap louwe li maten, aswè. Rejwi nan gran levanjil li a Benyen nan limyè vivan li. Moun onèt ak moun ki fidèl yo, Pral gen pèfeksyon etènèl. Men lòt yo ki rejte mesaj la, Pap janm gen yon bonè parèy.