Book cover

Mwen Konnen Jezi Kris Vivan

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 38


1. Mwen konnen Jezi Kris vivan. Konesans sa rekonfòte m’. Vivan, limenm ki te mouri. Vivan limenm dirijan m’ nan. Vivan, pou beni m’ ak lamou l’. Vivan, li se avoka mwen. Vivan pou rasazye nanm mwen. Vivan pou satisfè bezwen m’.

2. Li vivan pou li pran swen mwen. Li vivan pou li pwoteje m’. Vivan, pou konfòte m’ lè m’ fèb. Vivan pou tande plent nanm mwen. Vivan, pou chase tout krent mwen. Vivan, pou seche kriye mwen. Vivan, pou ban mwen kè poze. Vivan, pou bay benediksyon.

3. Li vivan zanmi m’ nan syèl la. Vivan pou l’ renmen m’ pou tout tan. Vivan, poutèt sa m’ap chante. Vivan, wa mwen ak pwofèt mwen. Vivan, pou ban mwen souf chak jou. Vivan, pou fè m’ resisite. Vivan, pou pare wayòm mwen. Vivan, pou direje pa mwen.

4. Li vivan m’ap glorifye li! Vivan, Sove m’ nan pa chanje. Ala yon bagay ki ban m’ jwa! Mwen konnen Jezi Kris vivan! Vivan! gran non li glorifye! Vivan, Sovè m’ nan pa chanje. Ala yon bagay ki ban mwen jwa. Mwen konnen Jezi Kris vivan!