Book cover

Lè Yonn Renmen Lòt

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 44


1. Nan yon kay tout bagay byen, Lè yonn renmen lòt; Tout mizik sonnen pi byen, Lè yonn renmen lót. Gen lapè ak abondans, Souri make tout figi. Mo ve tan pase pi vit, Lè yonn renmen lòt. Renmen lòt, Renmen lòt; Mo ve tan pase pi vit Lè yonn renmen lòt.

2. Anndan kay nou genyen jwa, Lè yonn renmen lòt; Rayiman, anvi pa la, Lè yon renmen lòt. Flè grandi anba pye nou; Tout tè a tankou jaden. Vi a parèt pi konplè, Lè yonn renmen lòt. Renmen lòt, Renmen lòt; Vi a parèt pi konplè Lè yonn renmen lòt.

3. Syèl la souri sou tèt nou, Lè yonn renmen lòt; Rayiman, anvi pa la, Le yonn renmen lòt. Kouran dlo koule pi fre, Syèl la pi bèl, pi klere. Yon Moun nan syèl la souri, Lè yonn renmen lòt. Renmen lòt, Renmen lòt; Yon Moun nan syèl la souri Lè yonn renmen lòt.