1. M’ se pitit Bondye.
Li te voye m’ isit.
Li ban mwen lojman sou tè a,
Avèk bon paran m’ yo.
Kondi m’, gide m’, kenbe men mwen,
ede m’ jwenn wout la
Aprann mwen tout sa m’ dwe fè
pou m’ viv avè l’ yon jou.
2. M’ se pitit Bondye.
Se sa k’ fè mwen bezwen.
Konprann tout pawòl li pale
Anvan twò ta bare m’.
Kondi m’, gide m’, kenbe men mwen,
ede m’ jwenn wout la
Aprann mwen tout sa m’ dwe fè
pou m’ viv avè l’ yon jou.
3. M’ se pitit Bondye.
L’ap ban m’ benediksyon
Si m’ aprann fè volonte li,
M’ap viv ave l’ ankò.
Kondi m’, gide m’, kenbe men mwen,
ede m’ jwenn wout la
Aprann mwen tout sa m’ dwe fè
pou m’ viv avè l’ yon jou.
Tèks: Naomi W. Randall, b. 1908. © 1957 SDJ
Mizik: Mildred T. Pettit, 1895–1977. © 1957 SDJ