Book cover

Aprann Mwen Mache Nan Limyè A

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 66


1. Aprann mwen mache nan limyè amou l’; Aprann mwen priye Papa mwen nan syèl; Aprann mwen konnen tout bagay ki bon; Montre m’, Montre m’ mache nan limyè.

2. Vini, timoun an nou aprann ansanm; Kòmandman li, pou nou ka retounen; Lakay li pou nou ka viv avèk li Tout tan, Montre m’ mache nan limyè.

3. Papa, nou remèsye ou jodi a Poutèt ou gide nou nan chemen an. Nou louwe non ou avèk bèl chan yo! Konsa, Nou vle mache nan limyè.