Book cover

Vini, Sen Yo

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 2


1. Vini Sen yo! San nou pa pè anyen vi n’ travay avèk jwa. Menm si vwayaj la parèt difisil, gras syèl la avèk ou. Se pou nou mache avèk bon kouraj nan yon bon chemen k’ap fè nou kontan si nou fè sa n’a gengran jwa tout sa k’rive se byen

2. Kretyen pa dwe konprann chay la twò lou si y’ap sèvi Bondye. Kouman n’ap fè gen yon bèl rekonpans si nou sispann lite. Si nou pa travay nou pap gen viktwa dispoze kè nou pou n’ sèvi Bondye Bondye pap lage nou nan wout tout sa k’ rive se byen

3. Nou pral jwenn yon plas Bondye ap pare pou nou nan lòtbò lwès. Pèsonn pap ka vini bare wout nou, n’ap yon nasyon beni. Lè sa tout moun ap tande nou chante avèk yon bèl vwa, nan bèl peyi sa Pou wa nou an wi n’ap chante tout sa k’ rive se byen.

4. Si nou mouri pandan nou ta nan wout sa pap ban nou pwoblèm. N’ap libere anba traka, tristès pou n’al viv ak jis yo. Men si nou rete sou tè a lontan n’a gen pou nou wè sa ki pral rive, tout Sen yo pral chante ansanm tout sa k’ rive se byen.