1. Vini Sen yo! San nou pa pè anyen
vi n’ travay avèk jwa.
Menm si vwayaj la parèt difisil,
gras syèl la avèk ou.
Se pou nou mache avèk bon kouraj
nan yon bon chemen k’ap fè nou kontan
si nou fè sa n’a gengran jwa
tout sa k’rive se byen
2. Kretyen pa dwe konprann chay la twò lou
si y’ap sèvi Bondye.
Kouman n’ap fè gen yon bèl rekonpans
si nou sispann lite.
Si nou pa travay nou pap gen viktwa
dispoze kè nou pou n’ sèvi Bondye
Bondye pap lage nou nan wout
tout sa k’ rive se byen
3. Nou pral jwenn yon plas Bondye ap pare
pou nou nan lòtbò lwès.
Pèsonn pap ka vini bare wout nou,
n’ap yon nasyon beni.
Lè sa tout moun ap tande nou chante avèk
yon bèl vwa, nan bèl peyi sa
Pou wa nou an wi n’ap chante
tout sa k’ rive se byen.
4. Si nou mouri pandan nou ta nan wout
sa pap ban nou pwoblèm.
N’ap libere anba traka, tristès
pou n’al viv ak jis yo.
Men si nou rete sou tè a lontan
n’a gen pou nou wè sa ki pral rive,
tout Sen yo pral chante ansanm
tout sa k’ rive se byen.