1. Ala yon fondasyon li te fè pou nou Poutèt fwa nou mete nan bon pawòl li Ki sa ki pi bon pase sa li fè a Pou ou disip Jezi, Pou ou disip Jezi Pou ou ki chèche refij kote Jezi.
2. Nan nenpòt maladi oubyen nan sante, Nan nenpòt povrete oubyen nan ri chès La kay, lòtbò dlo, sou yon tè, sou lanmè Nan nenpòt kondisyon, Nan nenpòt kondisyon Nan nenpòt kondisyon ou dwn priye li.
3. Pa pè, Mwen avèk ou Pa dekouraje Mwen se Bondye ou Ki la pou ede ou Mwen ap e de ou Ba ou fòs pou kanpe Nan men jistis mwen an, Nan men jistis mwen an Nan men jistis mwen an, M’ap sipòte ou.
4. Lè mwen rele ou vwayaje sou dlo fon Lavalas tristès pa pral anpòte ou Paske m’ap avèk ou pou mwen beni ou Pou mwen sanntifye ou pou mwen sanntifye ou Pou mwen sanntifye ou nan tribilasyon ou
5. Lè tribilasyon kouvri tout chemen ou Gras mwen sifizan pou pote ou sekou Flanm yo pap boule ou, yo pap fè ou mal Flanm yo pap boule ou, flanm yo pap boule ou Flanm yo pap boule ou, yo pap fè ou mal.
6. Jis nan laj gran moun m’pral pwouve pèp mwen Gran amou etènèl mwen an pop chanje Epi lè tèt yo fin chaje cheve blan Tankou ti mouton yo, tankou ti mouton yo Tankou ti mouton yo pral sou pwatrin mwen.
7. Yon nanm ki repoze tèt li sou Jezi M’pap janm livre li nan men enmi ya Menm si lanfè a pare pou kraze li M’pap janm bliye li M’pap janm bliye li M’pap janm bliye li menmsi lanfè gwonde.