1. Ala yon fondasyon li te fè pou nou
Poutèt fwa nou mete nan bon pawòl li
Ki sa ki pi bon pase sa li fè a
Pou ou disip Jezi, Pou ou disip Jezi
Pou ou ki chèche refij kote Jezi.
2. Nan nenpòt maladi oubyen nan sante,
Nan nenpòt povrete oubyen nan ri chès
La kay, lòtbò dlo, sou yon tè, sou lanmè
Nan nenpòt kondisyon, Nan nenpòt kondisyon
Nan nenpòt kondisyon ou dwn priye li.
3. Pa pè, Mwen avèk ou Pa dekouraje
Mwen se Bondye ou Ki la pou ede ou
Mwen ap e de ou Ba ou fòs pou kanpe
Nan men jistis mwen an, Nan men jistis mwen an
Nan men jistis mwen an, M’ap sipòte ou.
4. Lè mwen rele ou vwayaje sou dlo fon
Lavalas tristès pa pral anpòte ou
Paske m’ap avèk ou pou mwen beni ou
Pou mwen sanntifye ou pou mwen sanntifye ou
Pou mwen sanntifye ou nan tribilasyon ou
5. Lè tribilasyon kouvri tout chemen ou
Gras mwen sifizan pou pote ou sekou
Flanm yo pap boule ou, yo pap fè ou mal
Flanm yo pap boule ou, flanm yo pap boule ou
Flanm yo pap boule ou, yo pap fè ou mal.
6. Jis nan laj gran moun m’pral pwouve pèp mwen
Gran amou etènèl mwen an pop chanje
Epi lè tèt yo fin chaje cheve blan
Tankou ti mouton yo, tankou ti mouton yo
Tankou ti mouton yo pral sou pwatrin mwen.
7. Yon nanm ki repoze tèt li sou Jezi
M’pap janm livre li nan men enmi ya
Menm si lanfè a pare pou kraze li
M’pap janm bliye li M’pap janm bliye li
M’pap janm bliye li menmsi lanfè gwonde.
Tèks: Attr. to Robert Keen, ka. 1787. Ekri nan premye liv chan SDJ a, 1835.
Mizik: Attr. to J. Ellis, ca. 1889