1. An nou kontinye travay pou Bondye nou an
Pou nou tout kapab jwen rekonpans alafen
Nan batay jistis an nou pran epe nou
Pou nou defann kòz verite
Pa pè malgre satan ap ri nou;
Pran fòs, paske Leseyè pou nou.
Nou pap obeyi sa satan ta vle,
pou nou fè, n’ap obeye Bondye.
2. Nou pap janm fè bak malgre nou pa anpil
An konparezon avèk kantite ennmi
Pouvwa envizib ap ede mwen ak ou
Pou nou defann kòz verite
Pa pè malgre satan ap ri nou;
Pran fòs, paske Leseyè pou nou.
Nou pap obeyi sa satan ta vle,
pou nou fè, n’ap obeye Bondye.
3. Si nou fè jistis nou pa genyen pou nou pè;
Paske Leseyè ap toujou bò kote nou
Nan tribilasyon l’ap pran swen sen li yo
Pou pwospere kòz verite
Pa pè malgre satan ap ri nou;
Pran fòs, paske Leseyè pou nou.
Nou pap obeyi sa satan ta vle,
pou nou fè, n’ap obeye Bondye.