Book cover

An Nou Tout Travay

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 10


1. An nou kontinye travay pou Bondye nou an Pou nou tout kapab jwen rekonpans alafen Nan batay jistis an nou pran epe nou Pou nou defann kòz verite

Pa pè malgre satan ap ri nou; Pran fòs, paske Leseyè pou nou. Nou pap obeyi sa satan ta vle, pou nou fè, n’ap obeye Bondye.

2. Nou pap janm fè bak malgre nou pa anpil An konparezon avèk kantite ennmi Pouvwa envizib ap ede mwen ak ou Pou nou defann kòz verite

Pa pè malgre satan ap ri nou; Pran fòs, paske Leseyè pou nou. Nou pap obeyi sa satan ta vle, pou nou fè, n’ap obeye Bondye.

3. Si nou fè jistis nou pa genyen pou nou pè; Paske Leseyè ap toujou bò kote nou Nan tribilasyon l’ap pran swen sen li yo Pou pwospere kòz verite

Pa pè malgre satan ap ri nou; Pran fòs, paske Leseyè pou nou. Nou pap obeyi sa satan ta vle, pou nou fè, n’ap obeye Bondye.