1. Jou maten sa te bèl anpil! Solèy la te byen klere. Myèl tap gwonde, zwazo chante, Mizik tap jwe nan tout bwa. Nan mitan lonbraj jaden sa, Jozèf tap priye Bondye. Nan mitan longbraj jaden sa, Jozèf tap priye Bondye.
2. Pou l’ te fè premye priyè sa, Li te ajenou trankil Pouvwa peche tap eseye, jete dezespwa sou li Malgre sa li te toujou fèm, Nan konfyans Papa Bondye. Malgre sa li te toujou fèm, Nan konfyans Papa Bondye.
3. Menm lè sa yon limyè desann, Pi klere pase midi Epi yon reyon trè klere, Te desann sou tout kò li Lè sa de pèsonaj parèt, Papa Bondye ak Jezi. Lè sa de posenaj parèt, Papa Bondye ak Jezi.
4. Jozèf moun sa se pitit mwen; Ou mèt koute pawòl li Bondye koute priyè Jozèf, Jozèf te koute Jezi Tout nanm li te plen avèk jwa, Lè li wè Pitit Bondye Tout nanm li te plen avèk jwa, Lè li wè Pitit Bondye.