1. Jou maten sa te bèl anpil!
Solèy la te byen klere.
Myèl tap gwonde, zwazo chante,
Mizik tap jwe nan tout bwa.
Nan mitan lonbraj jaden sa,
Jozèf tap priye Bondye.
Nan mitan longbraj jaden sa,
Jozèf tap priye Bondye.
2. Pou l’ te fè premye priyè sa,
Li te ajenou trankil
Pouvwa peche tap eseye,
jete dezespwa sou li
Malgre sa li te toujou fèm,
Nan konfyans Papa Bondye.
Malgre sa li te toujou fèm,
Nan konfyans Papa Bondye.
3. Menm lè sa yon limyè desann,
Pi klere pase midi
Epi yon reyon trè klere,
Te desann sou tout kò li
Lè sa de pèsonaj parèt,
Papa Bondye ak Jezi.
Lè sa de posenaj parèt,
Papa Bondye ak Jezi.
4. Jozèf moun sa se pitit mwen;
Ou mèt koute pawòl li
Bondye koute priyè Jozèf,
Jozèf te koute Jezi
Tout nanm li te plen avèk jwa,
Lè li wè Pitit Bondye
Tout nanm li te plen avèk jwa,
Lè li wè Pitit Bondye.
Tèks: George Manwaring, 1854 –1889
Mizik: Sylvanus Billings Pond, 1792–1871; adaptasyon A. C. Smyth, 1840–1909