Book cover

Gran Redanmtè A Te Mauri

Chan Pou Granmoun Ak Timoun, 16


1. Gran Redanmtè a te mouri, Pou reponn egzijans yon lwa. Li te mouri pou peche nou Li te mouri pou peche nou Pou lòm te kapab gen viktwa.

2. Li te soufri pou peche nou, Men l’ak kò l’ ak pye l’ te pèse Yo ensilte l’, yo fè l’ soufri Yo ensilte l’, yo fè l’ soufri Yon kouwòn pikan sou tèt li.

3. Malgre l’ te pandye ap soufri, Li pat plenyen nan pye Bondye Pou l’ te akonpli travay li Pou l’ te akonpli travay li Li fè volonte Papa li.

4. Papa, retire soufrans mwen. Men kòm ou vle, m’ap aksepte Pou fè travay ou te ban mwen Pou fè travay ou te ban mwen Pou lespri m’ kapab vin jwenn ou.

5. Li te mouri epi lè sa Solèy la te kache figi l’ Tè a tranble, nati fache Poutèt yon Bondye te mouri Tè a te tranble toupatou.

6. Li vivan, li vivan tout bon Se poutèt sa nou ajenou Nan yon fason byen senbolik Pou nou ka louwe, adore l’ Pou nou tout kàpab adore l’.