1. Gran Redanmtè a te mouri,
Pou reponn egzijans yon lwa.
Li te mouri pou peche nou
Li te mouri pou peche nou
Pou lòm te kapab gen viktwa.
2. Li te soufri pou peche nou,
Men l’ak kò l’ ak pye l’ te pèse
Yo ensilte l’, yo fè l’ soufri
Yo ensilte l’, yo fè l’ soufri
Yon kouwòn pikan sou tèt li.
3. Malgre l’ te pandye ap soufri,
Li pat plenyen nan pye Bondye
Pou l’ te akonpli travay li
Pou l’ te akonpli travay li
Li fè volonte Papa li.
4. Papa, retire soufrans mwen.
Men kòm ou vle, m’ap aksepte
Pou fè travay ou te ban mwen
Pou fè travay ou te ban mwen
Pou lespri m’ kapab vin jwenn ou.
5. Li te mouri epi lè sa
Solèy la te kache figi l’
Tè a tranble, nati fache
Poutèt yon Bondye te mouri
Tè a te tranble toupatou.
6. Li vivan, li vivan tout bon
Se poutèt sa nou ajenou
Nan yon fason byen senbolik
Pou nou ka louwe, adore l’
Pou nou tout kàpab adore l’.
Tèks: Eliza R. Snow, 1804–1887
Mizik: George Careless, 1839–1932