1. Ala gran sajès Bondye plen! Amou li plen syèl la. Se poutèt sa Jezi vini, Pou soufri pou mouri.
2. Sanpresye Jezi te koule. Li te mouri pou nou. Poutèt li pat janm fè peche Li te mouri pou nou.
3. Poutèt li te obeyisan Jezi te gen viktwa. Men sa li te di Papa li: Volon te ou dwe fèt.
4. Li montre chemen an pou nou Li trase plan byen klè Pou nou konnen, pou nou antre Nan prezans Papa li.
5. Pou nou ka sonje kò Jezi Nou manje pen beni. Nou bwè dlo a pou non sonje Nou dwe gen fwa nan li.
6. Ala yon gran glwa li montre Nan plan redanmsyon li Kote jistis, mizèrikòd Asosye fè yon sèl.