1. Ala gran sajès Bondye plen!
Amou li plen syèl la.
Se poutèt sa Jezi vini,
Pou soufri pou mouri.
2. Sanpresye Jezi te koule.
Li te mouri pou nou.
Poutèt li pat janm fè peche
Li te mouri pou nou.
3. Poutèt li te obeyisan
Jezi te gen viktwa.
Men sa li te di Papa li:
Volon te ou dwe fèt.
4. Li montre chemen an pou nou
Li trase plan byen klè
Pou nou konnen, pou nou antre
Nan prezans Papa li.
5. Pou nou ka sonje kò Jezi
Nou manje pen beni.
Nou bwè dlo a pou non sonje
Nou dwe gen fwa nan li.
6. Ala yon gran glwa li montre
Nan plan redanmsyon li
Kote jistis, mizèrikòd
Asosye fè yon sèl.
Tèks: Eliza R. Snow, 1804 –1887
Mizik: Thomas McIntyre, 1833–1914