1. Mwen sezi anpil pou tout amou Jezi ofri m’.
Mwen pa ka’ konprann tout gras san mezi li ofri m’.
Mwen tranble lè m’ konnen pou mwen li te krisifye.
Pou mwen yon pechè li soufri, li senyen, mouri.
Ala yon bèl bagay, li tèlman renmen mwen
li te mouri pou mwen!
Ala yon bèl bagay, Bèl bagay pou mwen!
2. Mwen sezi lè m’ wè li te desann kite twòn li
Pou l’ vini sove yon nanm rebèl, pechè tankou m’.
Pou l’ te kapab dispoze amou l’ pou mou tankou m’
Pou l’ ka reklame, jistifye epi fè m’ sove.
Ala yon bèl bagay, li tèlman renmen mwen
li te mouri pou mwen!
Ala yon bèl bagay, Bèl bagay pou mwen!
3. Mwen sonje lè men li te pèse pou dèt peche.
Èske m’ ka bliye yon devosyon, amou parèy?
Non, non m’ap priye epi m’ap adore Jezi
Jis tan mwen monte a jenou devan twòn li a.
Ala yon bèl bagay, li tèlman renmen mwen
li te mouri pou mwen!
Ala yon bèl bagay, Bèl bagay pou mwen!