1. Lespri Bondye, tankou dife ap chofe nou!
Glwa nan dènye jou yo koumanse parèt
Se retou vizyon ak tout benediksyon yo,
Zanj yo ape vini vizite tè a
N’ap chante, n’ap louwe ak lame nan syèl la
ozana pou Bondye ak Pitit lia!
Ann’ glorifye yo menm ki nan syèl kou nye
ya avèk pou tout tan Amèn, wi amèn!
2. Leseyè ap ouvri entèlijans sen yo,
L’ap restore jij yo tankou nan lontan
Konesans ak pouvwa Bondye ap retounen:
Vwal la ouvri nan syèl, tè a nan pwògrè
N’ap chante, n’ap louwe ak lame nan syèl la
ozana pou Bondye ak Pitit lia!
Ann’ glorifye yo menm ki nan syèl kou nye
ya avèk pou tout tan Amèn, wi amèn!
3. N’ap rele sòlda nou yo nan mond lespri a;
Pou laji wayòm syèlla, pou tout moun nèt
Pou fwa nou ka fè nou vin gen yon eritaj
Nan vizyon ak benediksyon glwa Bondye
N’ap chante, n’ap louwe ak lame nan syèl la
ozana pou Bondye ak Pitit lia!
Ann’ glorifye yo menm ki nan syèl kou nye
ya avèk pou tout tan Amèn, wi amèn!
4. Ala yon jou beni se lè ti brebi yo
Ak lyon yo pral viv ansanm san fè lobo.
Efrayim pral resevwa kouwòn benediksyon
Jezi k’ap desann nan charyo dife
N’ap chante, n’ap louwe ak lame nan syèl la
ozana pou Bondye ak Pitit lia!
Ann’ glorifye yo menm ki nan syèl kou nye
ya avèk pou tout tan Amèn, wi amèn!
Tèks: William W. Phelps, 1792–1872. Te parèt nan premye liv chan SDJ, 1835. Yo te chante l’nan dedikasyon Tanp Kirtland nan, 1836.
Mizik: Henry Tucker, ca. 1863