1. Nan tout richès mond yo ta ka pwodwi,
Verite pa ka janm gen parèy.
Valè verite ap vin leve anpil,
Lè tout wa yo ak tout lòt richès degrade,
Verite gen pou l’ vini pichè.
2. Verite se yon metal ki twò chè,
Nenpòt moun pa kapab posede l’,
Se Èt yo nan syèl ak moun saj sou tè a,
Ki konnen ki kote kle verite kache,
Se yon bi pou moun ki gen grandèt.
3. Baton nan men diktatè ka tonbe,
Kan yo lite avèk fòs jistis,
Men fòs verite ap kwense tout manti,
Li plante byen solid nan rasin san parèy,
Li kanpe kont odas tiran yo.
4. Verite san kòmansman, li san fen,
Paske tan pa gen pouvwa sou li.
Menmsi syèl la pase, dlo kouvri tè a,
Verite ki fòme fondasyon tout bagay,
Li pap janm chanje, li etènèl.
Tèks: John Jaques, 1827–1900
Mizik: Ellen Knowles Melling, 1820–1905