1. Ou menm Papa ki nan syèl la,
Nan wayòm ki pi bèl la,
Ki lè m’ap tounen koteou,
Pou mwen wè fi gi w’ ankò?
Nan kay sen kote ou rete,
Èske lespri nou te viv?
Lè nou te fèt anvan visa,
Eske ou pat pran swen nou.
2. Pou yon rezon ki plen sajès,
ou te voye nou isit.
Ou vwale je tout pitit ou,
Pou nou ka biye pase;
Men kèk fwa Lespri ou di mwen.
”Mwen pa moun peyi isit”
Sa raple mwen, mwen te rete
sou yon planèt ki pi gran.
3. Mwen aprann rele ou Papa,
Jan Lespri ou montre mwen.
Mwen pat konnen Sa sa vle di
Anvan retorasyon an.
Mwen gen yon Manman nan syèl la,
Bonsans fè mwen konprann sa.
Verite avèk rezònman,
Di mwen gen yon Manman tou.
4. Lè egzistans fèb sa fini,
Lè kò mwen al’ repoze.
Papa, Manman, fè m’ vin jwenn ou,
Nan syèl la, pou m’ repoze.
Apre mwen fini tout zèv yo,
Ou te voye pou mwen fè,
Mwen mande ou aksepte pou
mwen monte vin viv ak ou.
Tèks: Eliza R. Snow, 1804 –1887
Mizik: James McGranahan, 1840–1907