1. Se ta kapab sou tèt montay la,
oubyen sou lanmè fon an,
Se ta kapab nan mitan lagè,
Bondye ta vle voye mwen.
Mwen si nan kè mwen li ta pale,
Pou voye m’ pa konnen,
M’ap reponn ou ak men mwen nan pa ou:
Mwen pral nenpòt kote ou vle.
Mwen pral kote ou vle m’a le Sovè,
Sou tèt mòn, nan laplèn sou dlo;
M’ap di sa ou vle pou mwen di Sovè;
Mwen pral kote ou vle m’ale.
2. Petèt jodi a gen bon pawòl,
Jezi ta vle pou m’ pale;
Kounyeya kapab gen yon pechè,
Li ta vle pou m’ ale wè,
Sovè si ou vle gide chemen mwen,
Nan tenèb ak tribilasyon,
Vwa mwen ap repete mesaj dous la:
M’ap di sa ou vle pou mwen di.
Mwen pral kote ou vle m’a le Sovè,
Sou tèt mòn, nan laplèn sou dlo;
M’ap di sa ou vle pou mwen di Sovè;
Mwen pral kote ou vle m’ale.
3. Sou tè a gen ti kote kache,
Kote nanm yo nan bezwen,
Pou prepare nan ti vi kout sa,
Pou rankontre Jezi Kris.
M’ kwè nan tout pwoteksyon ou, Sovè,
M’ konnen ou renmen mwen tou.
M’ap fè sa ou vle ak yon kè sensè:
M’ap tounen sa ou vle m’ tounen.
Mwen pral kote ou vle m’a le Sovè,
Sou tèt mòn, nan laplèn sou dlo;
M’ap di sa ou vle pou mwen di Sovè;
Mwen pral kote ou vle m’ale.
Tèks: Mary Brown, 1856–1918
Mizik: Carrie E. Rounsefell, 1861–1930