1. Louwe nonm sa ki pale ak Jewova!
Jezi te chwazi Jozèf kòm pwofèt.
Li te tabli dènye dispansasyon sa.
Wa yo ak nasyon yo pral onore l’.
Louwe Pwofèt la ki monte nan syèl la!
Onkenn trèt pa ka twouble repo li
L’ap planifye pou frè yo kote Bondye
Lamò pap frape chanpyon sa ankò.
2. Louwe memwa li, yo te matirize l’;
Se pou tout moun revere gran non li!
San li ap plede devan wayòm Bondye,
Pandan tè a ap revere non li.
Louwe Pwofèt la ki monte nan syèl la!
Onkenn trèt pa ka twouble repo li
L’ap planifye pou frè yo kote Bondye
Lamò pap frape chanpyon sa ankò.
3. Glwa li a gran, prètriz li san finisman.
Li gade kle prètriz la pou tout tan.
Fidèlman li pral antre nan Wayòm li,
Kouwone avèk ansyen pwofèt yo.
Louwe Pwofèt la ki monte nan syèl la!
Onkenn trèt pa ka twouble repo li
L’ap planifye pou frè yo kote Bondye
Lamò pap frape chanpyon sa ankò.
4. Sakrifis rale benediksyon syèl yo.
Tè a gen pou l’ peye pou san nonm sa.
Tout mou dwe leve pou konfli jistis la.
Anpil jenerasyon pral konn Jozèf.
Louwe Pwofèt la ki monte nan syèl la!
Onkenn trèt pa ka twouble repo li
L’ap planifye pou frè yo kote Bondye
Lamò pap frape chanpyon sa ankò.