Auto-scroll is most reliable with MIDI (computer-generated) audio.
Practice
Premye Priyè Joseph Smith La
1. Jou maten sa te bèl anpil!Solèy la te byen klere.Myèl tap gwonde, zwazo chante,Mizik tap jwe nan tout bwa.Nan mitan lonbraj jaden sa,Jozèf tap priye Bondye.Nan mitan longbraj jaden sa,Jozèf tap priye Bondye.
2. Pou l’ te fè premye priyè sa,Li te ajenou trankilPouvwa peche tap eseye,jete dezespwa sou liMalgre sa li te toujou fèm,Nan konfyans Papa Bondye.Malgre sa li te toujou fèm,Nan konfyans Papa Bondye.
3. Menm lè sa yon limyè desann,Pi klere pase midiEpi yon reyon trè klere,Te desann sou tout kò liLè sa de pèsonaj parèt,Papa Bondye ak Jezi.Lè sa de posenaj parèt,Papa Bondye ak Jezi.
4. Jozèf moun sa se pitit mwen;Ou mèt koute pawòl liBondye koute priyè Jozèf,Jozèf te koute JeziTout nanm li te plen avèk jwa,Lè li wè Pitit BondyeTout nanm li te plen avèk jwa,Lè li wè Pitit Bondye.
Tèks: George Manwaring, 1854 –1889
Mizik: Sylvanus Billings Pond, 1792–1871; adaptasyon A. C. Smyth, 1840–1909