Auto-scroll is most reliable with MIDI (computer-generated) audio.
Practice
Oumenm Papa Letènèl
1. Oumenm Papa Letènèl,ki rete nan syèl la;Nou mande nan non Jezi,pou beni, sanntifye,Pen sa epi diven sa,si kè nou pwòp devan ou.Pou nou tout nèt ka sonjeofrann diven nou an.
2. Lèzòm pa ka janm konprannofrann sakre sila.Nou pran kò ak san Jezi,pou padone fot nou.Pou nou kapab temwaye,soufrans Pitit ou a,Epi pou Lespri li ka,reyini kè nou tout.
3. Lè Jezi Kris, Sovè noute desann sòt nan syèl,Pou l’ vin sakrifye tèt li,pou nanm nou ka rachte.Li pat gen gran aparans;pou atire lèzòmLi te Sovè pwomiz la,pou pirifye nanm nou.
4. Ala yon plan etènèl,se plan sentete a!Ki pèfèksyone sali,ki degize Bondye!Pou l’ vin mache sou tè a,kòm yon moun òdinèKi te deja egzalte,li mouri pou vi nou.
Tèks: William W. Phelps, 1792–1872. Te parèt nan premye liv chan SDJ, 1835.