Auto-scroll is most reliable with MIDI (computer-generated) audio.
Practice
Redanmtè Izrayel
1. Se nan redanmtè pèp Israyèl la sèl nou kwè.Li ka ban nou tout benediksyon.Se li sèl ki wa nou, gid nou ak liberatè nou.Li se sèl mou ki ka delivre nou.
2. Nou konnen l’ap vin rasanble brebi pa li yo,pou l’ kapab mennen yo nan Siyon.Yo pap gen dlo nan je, Jezi Kris ap bò kote yo.Lamò pap gen pouvwa sou pèsonn moun.
3. Depi lontan n’ap sikonbe anba peche yo.Nou t’ap kriye nan pye ou Papa.Ennmi nou yo pranfòs,lè yo wè nou te nan tristès.Men nou konnen Izrayèl ap sove.
4. Patizan Siyon yo pral gen ton gran rekonpans.Pwomès yo kòmanse akonpli.Pèsonn pa bezwen pè, delivrans nou ape mache,paske wayòm nan se pou nou li ye.
5. Redanmtè mwen an restore zeklè figi ou;Ban nou rekonfò nanm bezwenRanpli nou esperans pou nou tann bèl wayòm sen anPou kè nou kapab sispann dezole.
6. Lè ou leve tèt pou gade, tout zanj yo, kontanAnpil moun ap ret tann pawòl ouLè ou leve vwa ou tout letènite a ranpliPou voye eko louwanj sovè a.
Tèks: William W. Phelps, 1792–1872; sòti nan Joseph Swain, 1761–1796 Parèt nan premye liv chan SDJ, 1835.