Auto-scroll is most reliable with MIDI (computer-generated) audio.
Practice
Yon Fondasyon Solid
1. Ala yon fondasyon li te fè pou nouPoutèt fwa nou mete nan bon pawòl liKi sa ki pi bon pase sa li fè aPou ou disip Jezi, Pou ou disip JeziPou ou ki chèche refij kote Jezi.
2. Nan nenpòt maladi oubyen nan sante,Nan nenpòt povrete oubyen nan ri chèsLa kay, lòtbò dlo, sou yon tè, sou lanmèNan nenpòt kondisyon, Nan nenpòt kondisyonNan nenpòt kondisyon ou dwn priye li.
3. Pa pè, Mwen avèk ou Pa dekourajeMwen se Bondye ou Ki la pou ede ouMwen ap e de ou Ba ou fòs pou kanpeNan men jistis mwen an, Nan men jistis mwen anNan men jistis mwen an, M’ap sipòte ou.
4. Lè mwen rele ou vwayaje sou dlo fonLavalas tristès pa pral anpòte ouPaske m’ap avèk ou pou mwen beni ouPou mwen sanntifye ou pou mwen sanntifye ouPou mwen sanntifye ou nan tribilasyon ou
5. Lè tribilasyon kouvri tout chemen ouGras mwen sifizan pou pote ou sekouFlanm yo pap boule ou, yo pap fè ou malFlanm yo pap boule ou, flanm yo pap boule ouFlanm yo pap boule ou, yo pap fè ou mal.
6. Jis nan laj gran moun m’pral pwouve pèp mwenGran amou etènèl mwen an pop chanjeEpi lè tèt yo fin chaje cheve blanTankou ti mouton yo, tankou ti mouton yoTankou ti mouton yo pral sou pwatrin mwen.
7. Yon nanm ki repoze tèt li sou JeziM’pap janm livre li nan men enmi yaMenm si lanfè a pare pou kraze liM’pap janm bliye li M’pap janm bliye liM’pap janm bliye li menmsi lanfè gwonde.
Tèks: Attr. to Robert Keen, ka. 1787. Ekri nan premye liv chan SDJ a, 1835.