1. Lè vag nan vi a vle sakaje kò ou
Lè dekourajman ta vle mare pye ou,
Konte tout benidiksyon Bondye ba ou,
Ou tap etone pou wè sa Bondye fè
Konte tout
benediksyon ou yo;
Gade tout sa
Bondye fè pou ou;
Konte yo tout
pran yonn apre lòt;
Konte tout benediksyon
Bondye ba ou.
2. Èske tèt ou pa janm chaje ak pwoblèm?
Èske kwa sou zèpòl ou pa janm twò lou?
Konte tout benidiksyon pou chase dout
Sa pral fè ou chante lè jou a pase
Konte tout
benediksyon ou yo;
Gade tout sa
Bondye fè pou ou;
Konte yo tout
pran yonn apre lòt;
Konte tout benediksyon
Bondye ba ou.
3. Lè ou wè lòt moun ki gen teren ak lò,
Sonje gran richès Bondye te pwomèt ou
Konte tout benidiksyon kòb pa ka bay,
Rekonpans ou nan syèl la ak plas ou tou.
Konte tout
benediksyon ou yo;
Gade tout sa
Bondye fè pou ou;
Konte yo tout
pran yonn apre lòt;
Konte tout benediksyon
Bondye ba ou.
4. Nam mitan gwo konfli ak ti konfli tou,
Pa janm dekouraje, Bondye avèk ou;
Konte tout benidiksyon ou yo tout tan
Alafen zanj Bondye yo pral konfòte w’.
Konte tout
benediksyon ou yo;
Gade tout sa
Bondye fè pou ou;
Konte yo tout
pran yonn apre lòt;
Konte tout benediksyon
Bondye ba ou.
Tèks: Johnson Oatman, Jr., 1856–1922
Mizik: Edwin O. Excell, 1851–1921